CALL US AT +1 (772) 265-9551
"Misyon nou se fasilite aksè ak patisipasyon nan ekonomi dijital la, nou ede moun ak ti biznis lanse, jere, epi grandi prezans yo sou entènèt atravè solisyon modèn, senp, epi efikas."
"Nou kwè nenpòt moun, kèlkeswa kote yo ye oswa nivo eksperyans yo, merite yon chans pou yo grandi biznis yo sou entènèt. Se poutèt sa nou devlope zouti ak sèvis ki ede kliyan nou yo kreye sit entènèt, vann pwodwi yo, ak konekte ak kliyan yo fasilman sou tout platfòm dijital."
ECOM PLUS FAMILY GROUP se yon konpayi ki espesyalize nan kreye, devlope, epi jere sit entènèt pwofesyonèl pou ti ak mwayen biznis, pwofesyonèl endepandan, ak òganizasyon. Nou ofri solisyon modèn, fasil pou itilize, epi adapte ak bezwen chak kliyan.
Nou mete teknoloji nan men ou pou w ka bati yon prezans solid sou entènèt, atire plis kliyan, epi grandi biznis ou. Kit wap chèche yon sit vitrin, yon boutik sou entènèt (e-commerce), oswa yon blog pwofesyonèl, ekip nou an la pou reyalize vizyon ou a.
Sèvis nou yo enkli:
Kreye sit entènèt (WordPress, Shopify, Wix, elatriye)
Design grafik ak idantite vizyèl
Hosting ak domèn
Optimize pou motè rechèch (SEO)
Jesyon kontni ak antretyen regilye
Konsiltasyon ak fòmasyon sou itilizasyon sit la
Nou la pou w ka mache ak tan an. Si ou pa sou entènèt, ou pèdi kliyan. Nou ede ou rantre nan mond dijital la fasil, vit, epi san tèt chaje.
Nou ofri sèvis grafik modèn, pwofesyonèl, ak adapte ak bezwen ou. Objektif nou se mete vizyon ou sou pye, atire kliyan ou, epi ede ou bati yon mak ki chita sou bon jan idantite vizyèl.
Sèvis nou yo enkli:
Logo pwofesyonèl
Kat biznis (Business Card)
Afich (flyers, posters, bandwòl)
Kouvèti pou rezo sosyal
Brand kit (palèt koulè, tipografi, gid mak)
Kontni vizyèl pou maketing dijital
Design pou anprint ak pou entènèt
Nou mete kreyativite ak pasyon nan chak pwojè. Pa gen dezyèm chans pou fè yon bon premye enpresyon – kite nou ede w mete imaj ou sou pye jan li dwe ye!
ECOM PLUS FAMILY GROUP se yon ajans maketing dijital ki espesyalize nan piblisite sou Facebook. Nou ede biznis yo rive jwenn plis kliyan, ogmante vizibilite yo, epi jenere plis lavant atravè kanpay piblisite ki byen vize, byen planifye, epi byen egzekite.
Nou travay ak ti biznis, pwofesyonèl endepandan, ak magazen sou entènèt ki vle sèvi ak pouvwa rezo sosyal yo pou grandi.
Sèvis nou yo enkli:
Nou pa jis mete piblisite – nou mete piblisite ki bay rezilta. Si ou vle plis kliyan, plis mesaj, plis vann... se ak nou ou bezwen pale!
ECOM PLUS FAMILY GROUP se yon ajans maketing dijital ki espesyalize nan jere rezo sosyal pou biznis ak pwofesyonèl. Nou ede ou bati prezans ou sou entènèt, atire plis kliyan, epi fè mak ou briye sou platfòm tankou Facebook, Instagram, TikTok, ak lòt yo.
Nan yon epòk kote tout bagay ap fèt sou entènèt, li enpòtan pou w prezan kote kliyan ou yo ye – e se la nou antre!
Sèvis nou yo enkli:
Kreye ak jere kont sou Facebook, Instagram, TikTok, elatriye
Planifikasyon ak kreye kontni (foto, videyo, teks atiran)
Piblikasyon regilye (posting) ak entèraksyon ak abonnés yo
Kreyasyon grafik ak vizyèl pwofesyonèl
Piblisite sou rezo sosyal (Facebook/Instagram Ads)
Rapò ak analiz sou pèfòmans kont yo
Nou ede ou konekte ak kominote w la, devlope imaj mak ou, epi mete ou sou bon chemen pou w grandi biznis ou sou entènèt.
Se yon sèvis konfyab ki ede antreprenè ak pwofesyonèl mete biznis yo legal Ozetazini atravè kreyasyon LLC (Limited Liability Company) ak jwenn nimewo EIN (Employer Identification Number).
Nou travay pou ou ka mete biznis ou sou pye vit, san estrès, epi legalman. Kit ou Ozetazini oswa aletranje, nou la pou fasilite tout pwosesis la.
Sèvis nou yo enkli:
Kreye LLC nan nenpòt eta Ozetazini
Jwenn nimewo EIN pa IRS
Preparasyon dokiman legal
Konsiltasyon sou estrikti biznis ki pi bon pou ou
Ede w mete kont labank biznis (si sa nesesè)
Sipò pou antreprenè ki pa sitwayen ameriken
Nou mete transparans, senplisite, ak efikasite nan sèvis nou yo pou ou ka konsantre sou sa ki pi enpòtan: devlope biznis ou!
ECOM PLUS FAMILY GROUP se yon ajans dijital ki espesyalize nan kreye epi mete sou pye TikTok Shop pou antreprenè, machann, ak ti biznis ki vle vann sou entènèt atravè TikTok. Nou ede ou rantre sou youn nan pi gwo platfòm vann modèn yo kote ou ka mete pwodwi w yo devan milye moun chak jou.
Nou pran swen tout etap yo pou ou ka kòmanse vann san tèt chaje!
Sèvis nou yo enkli:
Kreye TikTok Shop ak verifikasyon dokiman
Mete pwodwi yo sou shop la
Koneksyon ak sèvis peman (Stripe, Payoneer, elatriye)
Optimize shop la ak bèl prezantasyon
Konsèy sou kijan pou vann pi byen sou TikTok
Fòmasyon pou ou jere shop ou poukont ou (si ou vle)
TikTok se lavni e-komès la – pa rate opòtinite sa. Nou la pou mete biznis ou sou track pou grandi!
ECOM PLUS FAMILY GROUP se yon konpayi ki ede pwofesyonèl ak ti biznis mete tèt yo sou kat la — literalman! Nou kreye epi optimize Google My Business ou, pou kliyan ka jwenn ou fasil sou Google Search ak Google Maps.
Lè moun chèche sèvis ou oswa pwodwi ou yo, ou bezwen parèt sou entènèt. Nou la pou asire sa rive!
Sèvis nou yo enkli:
Kreye pwofil Google My Business
Verifye biznis ou sou Google
Mete tout enfòmasyon kle (orè, adrès, kontak, sit entènèt, sèvis, elatriye)
Ajoute foto pwofesyonèl ak deskripsyon atiran
Optimize pwofil la pou SEO lokal
Sipò pou jere revizyon (reviews) kliyan yo
Avantaj ou jwenn:
Biznis ou parèt sou Google lè moun chèche
Ogmante vizibilite w lokalman
Atire plis kliyan ki pre w
Ogmante konfyans ak kredibilite w
Pa kite biznis ou rete kache. Avèk nou, ou mete l sou kat Google epi ou ouvè pòt ou bay plis kliyan chak jou!
Nou renmen kliyan nou yo, kidonk pa ezite vin vizite nou pandan lè ouvèti nòmal yo.
Open today | 09:00 am – 05:00 pm |
Enskri pou w ka pami premye moun ki konnen lansman evènman nou yo.
ecomplusfamilygroup.com
Copyright © 2025 ecomplusfamilygroup.com - All Rights Reserved.
We use cookies to analyze website traffic and optimize your website experience. By accepting our use of cookies, your data will be aggregated with all other user data.